Education

Tout aktivite kòmès nan lekòl ak peye lajan lekòl avèk kòb ameriken entèdi sou tout teritwa nasyonal la.

Tout aktivite kòmès nan lekòl ak peye lajan lekòl avèk kòb ameriken entèdi sou tout teritwa nasyonal la.

Nan yon sikilè ki pote siyati Minis Nesmy MANIGAT ki sòti nan dat jedi 8 septanm 2022 a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) entèdi tout komès andan lekòl yo epi di se an goud pou paran peye lekòl.

T out lekòl ki vle fè komès, yo dwe jwenn otorizasyon Ministè komès ak endistri (MCI sigle francais) ak Direksyon Jeneral Enpo (DGI, sigle Francais) daprè sikilè a. Lekòl ki jwenn otorizasyon pou fè kòmès dwe afiche dokiman legal yo nan lekòl la.

Paran yo pa gen pyès obligasyon pou achte materyèl lekòl yo, andedan lekòl la ni lòt bagay tankou( ne, barèt , chosèt ak lòt ankò), toujou daprè sikilè a. Ministè a pran mezi sa yo aprè anpil plent ki vin jwenn li konsènan anpil lekòl ki tounen lye kòmès.

Ministè Nesmy Manigat ap dirije a tou profite pou di, pyès reponsab lekòl pa gen dwa fè paran egzijans pou peye lajan lekòl ak lajan ameriken, frè lekòl yo dwe peye nan lajan ayisyen (goud).

Ministè a mande kolaborasyon tout moun ki fè pati sistèm edikatif la pou desizyon sa a rive respekte. Ministè a tou profite raple prensipal misyon li se "veye sou bon fonksyonman lekòl yo (piblik ak prive), nan peyi a".

E /R.G

Admin
nba, nfl editor
HaïtiAlertes-News (HAN) est une agence de communication fondée en 2021. Elle est une entreprise privée dûment enregistrée au Ministère du Commerce et de l’Industrie au numéro : 105 Reg.105 et identifiée fiscalement au : 000-099-200-3 à la Direction Générale des Impôts (DGI).