Asasina Jovenel Moise : Jij Walter Wesser Valtaire mande pou kesyone PM Ariel.Jij enstriksyon Walter Wesser Voltaire ta swete kesyone Premye Minis Ariel Henry kòm temwen nan asasina ansyen Prezidan Jovenel Moise 7 jiyè 2021. Selon òdonans komisè gouvènman Tribinal Premye Enstans Pòtoprens la, Mèt Elder Guillaume, len 31 jiyè 2023 a.
Asasina Jovenel Moise : Rodolphe Jaar plede koupab devan yon tribinal Ameriken.Rodolphe Jaar prezante devan yon tribinal Ameriken vandredi 24 mas 2023 a, akize a plede koupab nan kad asasina ansyen presidan Jovenel Moise 7 jiyè 2021 an. Li deklare devan tribinal la se li kite peye ajan sekirite presidan an pou yo te retire kò yo lè komando kolonbyen yo antre nan lakou ansyen chef Leta a.
Kriminalite: Joseph Lambert ak Youri Latortue anba sanksyonPrezidan ti rès Sena a, Joseph Lambert ak ansyen Senatè Youri Latortue tonbe anba sanksyon Etazini ak Kanada. De (2) lidè politilk yo sanksyone pou trafik dròg ak finansman aktivite kriminèl nan peyi Dayiti, selon yon kominike 2 peyi sa yo mete deyò jedi 3 novanm 2022 a.
Konsèy Minis yo deside pou Ayiti pran yon nouvo okipasyon militè.Reyini nan tout ijans, Konsèy Minis yo deside otorize Premye Minis Ariel Henry fè demand fòmèl pou yon twoup Militè etranje antre nan Peyi Dayiti, selon yon arete ki pote siyati tout Minis ki fòme gouvènman an, ki pote dat 7 oktòb 2022 a.
S'inscrire à notre Newsletter
Restez connecter avec l'actualité HAN en vous inscrivant à notre Newsletter