Zapping
Kanaval Latibonit
2022-03-03 13:33:22
Par Haiti Alertes News
5 moun mouri ak 15 lòt blese grav, se bilan aksidan yon cha nan dènye jou kanaval la nan komin « Desdunes » Depatman Latibonit, mekredi 2 mas 2022 a, vè 4 trè nan maten. Selon deklarasyon kèk moun ki te viv sèn nan se ta 2 chofè ki t ap fè echanj volan, men yo te konsome anpil alkòl, yo pèdi kontwòl ki lakoz aksidan sa a.
Oriol Thomas, jij depè an aprè komin “Desdunes” ki te al fè konsta yo fè konnen chofè yo deja chape pou l yo.
Commentaires