Education
Se yon desizyon Leta Ayisyen a travè Minis Edikasyon Nasyonal la, pou Leta pa finanse materyèl didaktik ki nan lang fransè pou klas premye rive katriyèm ane fondamantal, sèlman liv ki nan lang kreyòl k ap sibvansyone, selon yon nòt Ministè a pibliye jou kite 21 fevriye 2022 a.
Desizyon sa a fè swit ak dispozisyon Ministè a pran pou fè yon ansanm refòm nan sistèm nan ki malouk anpil. Plizyè etid ki fèt sou lang apratisaj la nan peyi Dayiti montre lang matènèl la ki se kreyòl se prensil pal lang pou lekòl yo itilize pou fòme timoun ki nan premye sik fondamantal yo.
Tout timoun ki nan premye jiska katriyèm ane dwe pote liv kreyòl apati ane akademik 2022-2023 a, presize Minis Manigat nan nòt la. Yon desizyon ki byenvini selon Michel Degraff profesè lang nan « Massachussetts Institute of Technology (MIT) ». Desizyon sa a se yon gwo pa nan lit pou respè lang kreyòl la.
Pou Profesè Manigat aktyèl Minis edikasyon an, desizyon sa a an akò avèk dekrè 30 mas 1982 ki mande pou timoun yo aprann nan lang kreyòl.
An menm tan li fè swit ak arete premye septanm 2014 la ki mansyone 12 mezi an apwi avèk refòm ki dwe fèt nan sistèm edikatif la. Minis la mande tout direksyon lekòl prive tankou piblik pou yo pran tout dispozisyon pou aplike mezi sa a.
Men pa rapò ak kontèks anvironmantal global peyi Dayiti nan karayib la ak nan amerik la, Ministè a ankouraje ansèyman oral lang fransè, espanyòl ak anglè depi nan premye ane fondamantal.