Politique
Ansyen gouvènè BRH la, Fritz Alphonse Jean eli prezidan a 25 vwa dimanch 30 janvye 2022 a, alòske ansyen Senatè, Steeven Ivenson Benoit vini premye minis, Prezidan KNT a bay lendi 31 janvye a pou kontestasyon.
Se nan eleksyon konsèy nasyonal tranzisyon an t’ap òganize nan otèl Ritz Kinam Petyon Vil, selon akò Montana a. Fritz Jean pote viktwa sa a. Alòske ansyen Senatè, Steeven Irvenson Benoit rive jwenn benediksyon pou vini premye Minis, toujou nan menm eleksyon Konsèy Nasyonal Tranzisyon an.
Eleksyon sa a ki te reyalize sou baz akò Montana te genyen plizyè kandida. Fritz Alphonse Jean ak Ansyen Senatè Edgard Leblanc-fils se 2 kandida sa yo ki te manifeste volonte pou vin okipe pòs prezidan.
Tandiske Ansyen senatè Steeven Irvenson Benoit, Philippe Jean Herold Buteau, ak Bonivert Claude pou site sa yo sèlman te kandida pou vin okipe pòs premye minis pouvwa tranzisyon akò Montana a.
Yon eleksyon ki te genyen 42 elektè ki te reprezante divès sektè sou 44 ki te dakò pwensip vòt sila a. Fritz alphonse Jean rive prezidan nan premye tou ak 25 vwa, anfas Edgard Leblanc-Fils avèk 16 vwa. Premye minis eli a, mesye Benoit te rive genyen eleksyon an sou kandida Philippe Jean Herold Buteau nan dezyèm tou, swa 26 pou eli a epi 14 pou advèsè ki li a.
Nan sousi transparans, lendi 31 janvye, se jou ki kenbe pou kontestasyon, ak rezilta final pwosesis vòt sila, selon James Beltis, prezidan Konsèy Nasyonal Transisyon an.
Ekonomis Fritz Jean ak Steeven Irvenson Benoit ap gen pou pran fonksyon nan dat 7 fevriye 2022 pou dirije tranzisyon koupe fache a, pou yon dire 2 lane, deklarasyon James Beltis.
N’ap raple, plizyè òganizasyon ak regwoupman politik, enstitisyon, òganizasyon nan sosyete sivil la, antann yo sou akò sa a, pami yo Fanmi Lavalas ki te retire 2 manm li yo nan Konsèy Nasyonal Tranzisyon akò a, yon jou anvan vòt la.
Premye minis Ariel Henry dwe kite pouvwa a 7 fevriye, pou bay Fritz Jean ak Steeven Irvenson Benoit dirije, selon aktè ki regwoupe yo bò kote akò montana a. Tandiske PM defèt la ap planifye eleksyon.
Anpil moun rete kwè, 2 eli dimanch 30 janvye nan kad akò montana a, ka pase menm jan ak Mèt Mecene Jean Louis ekip ki nan akò Ariel la lage nan wout.