Société & Culture
Vendredi 15 jiyè 2022 a, sou antèn youn nan radyo nan kapital la Evèk Ogé BEAUVOIR demanti enfomasyon sou enplikasyon Legliz Episkopal nan fasilite kontenè zam antre nan peyi Dayiti pou vin alemante gang yo. De (2) konsène deja ap reponn kesyon DCPJ, komisè gouvèneman pòtoprens la, Jacques Lafontant swete lapolis jwenn konkou “interpol” pou arete mennen bay lajistis moun ki te voye zam sa yo, ki reside nan peyi Etazini.
“Sa gen plis pase yon mwa depi m ap resevwa demand nan men Vundla SIKHUMBUZO pou ede li dedwànman zam sa yo sou non Legliz Episkopal, yon demand mwen te refize, sa se deklarasyon Evèk Ogé Beauvoir” ki kwè li te ka sove tèt li ak legliz Episcopale nan yon zak malonèt konsa.
Jedi 14 jiyè 2022 mesye Vundla SIKHUMBUZO ak madam Gina J.L ROLLS ta pral jwenn arestasyon yo pou dedwànman kontenè ki te gen landan li yon ventèn (20tèn) zam de gè, plizyè kès katouch ak plizyè fo lajan vèt ki te livre sou lòd mesye dam sa yo, pou kounye a y ap reponn kesyon DCPJ.
Selon Evèk Ogé BEAUVOIR, madam Gina ki gen non li site nan livrezon zam sa yo ta menm ofri gwo lajan bay yon enspektè pou li fè kontenè a dedwane pi rapid san verifikasyon.
Komisè gouvèneman Jacques Lafontant, mande DCPJ pou pou chache apwi «Interpol» pou arete kondwi bay lajistis de (2) moun ki voye zam yo, ki gen non Lindor Remy ak Francklin Batista tou 2 reside nan Etazini.
Se yon gwo wont sa ye pou sektè relijyez la, ke yo akize ki gen men li tranpe nan voye zam pou pwogrese kriminalite nan peyi a, selon prèt Ogé ki kwè sektè relijwe a fin pèdi kredibilite li ak tout move bagay sa yo k ap repete nan sektè sila.
Lidè legliz Episkopal la mande ak sektè a pou yo koute konsèy epi fè tout bagay nan lòd ak disiplin pou ede sekte reprann kredibilite lite genyen nan tan pase yo.