Education
Minis ledikasyon ak fòmasyon profesyonèl la, profesè Nesmy Manigat, ankouraje paran yo prepare relouvri klas la ki prevwa pou 5 sektanm 2022 an, malgre kontèks la parèt difisil ak zak vyolans yo k ap ogmante chak jou piplis.
Nan yon konferans vandredi 29 jiyè a, Minis la ankouraje tout paran pou yo byen prepare relouvri klas yo ki fikse pou 5 sektanm pwochen an.
Minis Manigat profite okazyon an pou fè yon apèl ak tout sektè pou kontinye chache wout dyalòg pou jwenn yon solisyon ak kriz Peyi a. Yon dyalòg ant tout aktè yo ka fasilite relouvri lekòl la fèt tout kote nan peyi a.
4 milyon timoun ak jèn ki p ap ka retounen lekòl si pa gen yon antant ant pantagonis yo ki pou fasilite yon estabilite politik nan Peyi a ak diminye volim vyolans la, deklare Minis Manigat.
Selon kalandriye eskolè a pou ane 2022-2023 a, se 191 jou elèv yo ap gen pou yo pase andedan klas.