Société & Culture
Kolektif Defansè Plis, nan yon nòt pou laprès pibliye 25 dawout la denonse epi kondane zak vyolans ki fèt nan manifestasyon kont ensekirite ak lavi chè ki fèt 22 rive 24 dawout 2022 a.
Pou pi piti 4 moun mouri pandan manifestasyon sa yo. Moun sa yo pèdi lavi yo nan vil Okay ak nan komin Dèlma. 19 lòt blese grav anrejistre nan Pòtoprens, Okay, Jakmèl ak Ti Gwav selon sa nòt la fè konnen.
Daprè òganizasyon dwa moun nan, se ajan lòd inite depatman ki la pou mete lòd (UDMO, sigle Francais) ak brigad k ap lite kont trafik dwòg (BLTS, sigle Francais) ki te bay anpil gaz lakrimojèn epi tire katouch ki koz moun sa yo rive viktim nan manifestasyon yo.
Defansè plis raple konstistisyon1987 la rekonèt se yon dwa moun yo genyen pou yo manifeste pou fè revandikasyon yo pase, okenn moun oubyen enstitisyon pa dwe anpeche yo jwi dwa sa a.
Oganizasyon an tou profite pou salye kouraj chak sitwayen ak sitwayèn k ap reklame yon kondiksyon lavi miyò nan moman tèrib pèp ayisyen an ye ak ensekirite jeneralize sa a.
Nan nòt sa a òganizasyon k 'ap defanm dwa moun nan egzije otorite yo pran dispozisyon pou garanti dwa lavi ak diyite sitwayen yo k'ap manifeste pou mande respekte dwa yo. Òganizasyon an kwè tou lapolis gen pou devwa akonpaye popilasyon an san vyolans paske revandikasyon yo kòrèk.