Société & Culture
Nan yon avi Anbasad Lafrans pibliye sou paj fase book li mekredi 13 septanm nan, li anonse sèvis yo fèmen jiskaske yo relouvri ankò.
Selon avi a, Anbasad la pran desizyon sa a parapò ak nouvèl tansyon k ap devlope tout kote nan Peyi a sa fè deja plizyè semèn. Yon sitiyasyon ki vin pi agrave avèk anons Premye Minis Ariel Henry sou desizyon pou moute pri gaz nan ponp yo.
Anbasad la profite mande fransè k ap viv an Ayiti yo limite deplasman yo. Li ankouraje resotisan yo mete prodwi premye nesesite yo an kantite lakay yo sa ap pemèt yo deplase mwens.
Anbasad la anonse liy telefòn +509 31904111 disponib pou tout sitwayen fransè yo anka yo gen ijans.