Politique
Okipasyon Ayiti: Platfòm Sosyete Sivil Montana mande antant
Kòdinasyon Platfòm Òganizasyon Sosyete Sivil nan Akò Montana di : NON POU LOKIPASYON !
Pòtoprens, dimanch 9 octòb 2022
Nòt pou Laprès
Se avèk anpil endiyasyon, Kowòdinasyon Platfòm Sosyete Sivil Montana a aprann, apre Premye Minis Ariel Henry ak 22 minis gouvènman PHTK 3 ème vèsyon li an fin trennnen peyi a nan yon twou san fon, yo oze siyen yon rezolisyon pou otorize Ariel Henry prezante bay entènasyonal la yon demann pou li voye twoup etranje mete bòt yo yon fwa anplis, sou tè peyi papa Dessalines lan. Pou yo ka twonpe vijilans pèp ayisyen an, yo pase demann sa a anba swadizan asistans imanitè. Kòm si Ariel Henry ta konprann vre, majorite jèn sa yo ki ap manifeste nan lari a pou pwoteste kont lavi chè, grangou, rate gaz, pou revandike dwa yo pou yo jwenn bon jan ledikasyon, la manjay, la sante, elatriye. Jèn sa yo kap rele nan tout peyi a: « Vle pa vle fòl ale » a pa tap dekouvri move magouy ak zak kriminèl li yo?
Ni Ariel Henry, ni minis li yo pa gen lejitimite pou pran okenn desizyon pou peyi a, alewè gwo desizyon ki konsènen souverènte peyi a. Mande lokipasyon peyi a, se pase diyite popilasyon an anba pye. Mande lokipasyon peyi a se mande militè etranje pou vin fè kadejak sou fanm ak tifi jan yo abitye fè sa déjà. Kòmsi sa fanm ak tifi ap sibi anba men gang akolit yo PHTK enstale nan peyi a pa ase. Mande lokipasyon peyi a se louvri vant peyi a pou letranje vin fè dappiyanp sou resous minyè ak tout kalite byen peyi a. Zak sa se yon krim gwo trayizon, Konstitisyon peyi a ak kòd penal la prevwa gwo pinisyon pou sa.
Kowòdinasyon Platfòm Sosyete Sivil kap kontinye kore posesis 30 dawout la (Montana) lonje dwèt li disèt longè nan figi gouvènman defakto ak mèsenè politik li yo, nan figi lelit ekonomik antimoun, antinasyon an, nan figi KòGwoup kap manniganse depi plizyè lane pou kreye kondisyon nouvo lokipasyon peyi a. Nan peryòd Pèp Ayisyen rasanble pou chache yon solisyon dirab ant ayisyen pou rezoud gwo pwoblèm peyi a ap travèse, epi tabli kondisyon pou popilasyon an jwenn lavi miyò, konze ak zago loray ap prepare pou debake epi pran kontwòl peyi a.
Kowòdinasyon Platfòm Sosyete Sivil Montana nan deja rann bann kriminèl sa yo prensipalman PM defakto Aryèl Henry responsab tout sa ki ka rive sitwayèn ak sitwayen ayisyen anba bòt fere neyokolonyalis yo.
Pretèks kriz imanitè pou apwouve lokipasyon an reprezante pi gwo manti pouvwa ilegal la bay popilasyon an menm jan ak lè Etazini te bezwen anvayi peyi Irak.
Si Kominote entènasyonal la te vle ede Ayiti soti nan kriz la vre, si yo te vle ede elimine bandi ak kriminalite tout bon vre, se pa twoup ame yo ta voye pou okipe peyi a. Kominote entènasyonal la déjà konnen twoup militè pa rezoud okenn pwoblèm vre. Se anba je Solda MINUSTAH yo banditis la grandi jiskaske li rive la. Se pandan yo te la, kidnapin lan taye banda nan peyi a jiskaske li rive la a. Zòt kreye kriz sou kriz nan peyi a. Konze yo ede yo rann peyi a envivab, tankou yo abitye fè nan anpil lòt peyi, pou yo ka kreye kondisyon Lokipasyon an, pou pèp la ki rive nan dènye bout rezistans li ka akeyi yo kòm sovè.
Lokipasyon pa janm fè bonè okenn pèp. Lokipasyon pa janm kreye kondisyon pou fè pwogrè ak devlopman blayi nan okenn peyi. Lokipasyon pa janm kreye an Ayiti yon estabilite politik dirab pou kaptire envestisman lokal ak etranje. Lokipasyon se yon vyolasyon prensip souverènte, otodetèminasyon ak respè dwa yon pèp poul jere tèt li janl vle a. Lokipasyon se yon sous abi ak imilyasyon nan men okipan an.
Kòdinasyon Platfòm nan ankouraje tout pati politik, tout òganizasyon sosyete sivil yo ak tout popilasyon an, an jeneral pou nou mete sou kote diferans nou, epi fè yon tèt ansanm tankou 1803 pou Ayiti kapab jwenn lòt endepandans lan.
Annou koute kri libète ki nan kè nou.
Pèp ayisyen an pap peri ! Ayiti pap fè bak!
Viv 2e lendepandans la!
Pou Kòdinasyon an:
Wilgins Charles, Secteur Populaire
Ernso Ertilus, Secteur Populaire
Julio Fils Ricardo Cham, Secteur Populaire
David Lény, Secteur Syndical
Josué Merilien, Secteur Syndical
Yves André Joseph (CA), Secteur Syndical
Saïco Sévère (SG), Secteur Paysan
Origène Louis, Secteur Paysan
Bonivert Claude (CG), Secteur Socio-Communautaire
Joseph Chéry, Secteur Socio-communautaire
Rudy Parent, Secteur Socio-Professionnel
Stevenson Moïse, Secteur Pétro Challenger