Politique
Kriminalite: Joseph Lambert ak Youri Latortue anba sanksyon
Prezidan ti rès Sena a, Joseph Lambert ak ansyen Senatè Youri Latortue tonbe anba sanksyon Etazini ak Kanada. De (2) lidè politilk yo sanksyone pou trafik dròg ak finansman aktivite kriminèl nan peyi Dayiti, selon yon kominike 2 peyi sa yo mete deyò jedi 3 novanm 2022 a.
Nan kominike sa a, gouvènman kanada ak Etazini, fè konnen 2 mesye sa yo livre yo nan aktivite ak tranzaksyon ki kontribye epi rann posib trafik dròg sou mache entènasyonal la.
Bria E. Nelson, sekretè pou afè teworis ak ransèyman finansye denonse Youri ak Lambert paske yo itilize fonksyon ofisyèl yo genyen pou fè trafik dròg, kolabore ak rezo kriminèl epi gang pou rann demokrasi a frajil nan peyi Dayiti.
Version PDF
“Etazini ak peyi patnè li yo ap kontinye pran sanksyon kont tout moun ki nan trafik dròg, k ap fasilite koripsyon epi k ap profite sitiyasyon peyi Dayiti” Deklare Mesye Nelson. Lambert ak Youri enplike lontan nan trafik dròg. Anplis dròg, Youri enplike nan trafik kokayin ant Ayiti ak kolonbi epi li ankouraje lòt moun enplike nan trafik la.
Pou kounye a, presidan ti rès Sena a, Joseph Lambert ak Lidè Atibonit An Aksyon an (AAA), ansyen senatè Youri Latortue paka rantre nan peyi Kanada ak peyi Etazini.