Politique
Anbasad Amerikèn anonse, nan okazyon jounen entènasyonal kont koripsyon an, vandredi 9 desanm 2022 a, li sanksyone Senatè Rony Celestin ak Ansyen Direktè administrasyon jeneral dwàn yo, Romel Bell pou enplikasyon yo nan zak koripsyon nan peyi Dayiti, nan yon kominike pou laprès 9 desanm 2022 a.
De (2) pèsonalite sa yo gen restriksyon sou viza ameriken yo epi sou aktivite finansye yo genyen nan peyi Etazini. Ansyen Direktè Romel Bell sanksyone paske li te itilize fonksyon piblik li te okipe a pou fè zak koripsyon ki sal imaj peyi Dayiti, selon presizyon kominike a.
Senatè Depatman sant, an fonksyon, Rony Celestin te deja tonbe anba sanksyon Etazini pou trafik dwòg, nouvèl sanksyon sa a konsène patisipasyon li nan aktivite koripsyon nan peyi Dayiti, alòske peyi Kanada te deja sanksyone li pou enplikasyon li nan finansman gang nan peyi a.
Sanksyon sa yo afekte yon manm fanmi pròch ansyen direktè administrasyon jeneral dwàn yo, ak 4 manm nan fanmi pròch Senatè Celestin.
Non Senatè Rony Celestin te deja nan yon lis ki gen 14 fanmi ki enplike nan alimante gang nan peyi Dayiti CNDDR, Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) ak Ministè enteryè ak kolektivite teritoryal te voye bay ansyen presidan Jovenel Moise, nan mwa abril 2021 an 3 mwa anvan yo te asasinen li lakay li.
Nan lis sa a genyen non: Sherif Abdallah, Gilbert E. Bidio, Hervè Foucan, ansyen Premye Minis sou prezidans Joseph Michel Martelly, Laurent Salvador Lamothe epi fanmi Baussan ak 8 lòt fanmi ankò nan lis sa a ki deja nan lis Etazini ak Kanada pou sanksyone.